Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ensekirite : Yon gwoup nèg ak zam piye yon magazin elektwonik nan Dèlma 33

Yon gwoup nèg ak zam moun pa rive idantifye piye jedi 27 me a yon magazen elektwonik ki nan konplèks Midore nan Dèlma 33. Zak sa pase vè 2 zè aprèmidi.

Devan je tout moun, li te nan 2 zè aprèmidi lè plizyè nèg ak zam parèt sou yon moto san plak ak kagoul nan tèt epi anvayi konpayi elektwonik sa ki rele « TZ électronique » ki nan konplèks Midore a, Delmas 33.

Daprè sa responsab antrepriz la rapòte, nèg ak zam sa yo mete men sou plizyè materyèl tankou òdinatè, telefòn pòtab e plizyè lòt materyèl elektwonik. An plis, yo pote ale avèk yo yon gwo kantite lajan.

Aprè sèn nan, endividi sa yo te sove kite yon machin mak Suzuki ki imatrikile TP-60270 ak yon moto san plak. Kèk minit aprè, plizyè polisye nan DCPJ te vini nan espas la e sezi 2 veyikil sa yo.

N ap siyale malgre te gen anpil bal ki t ap tire pandan zak sa,  pa gen ankenn moun ki mouri ni blese.

    Leave A Comment