Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Kowonaviris : Gouvènman Ameriken an bay Ayiti yon lo 88 920 dòz vaksen #Pfizer

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon fè konnen gouvènman Ameriken an bay Ayiti yon lo 88 920 dòz vaksen #Pfizer pou lite kont pandemi Covid-19 la nan peyi a.

Nan kad batay k ap rapouswiv kont Covid-19 nan peyi a, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), resevwa, jounen madi 8 fevriye 2022 a, yon lo 88 920 dòz vaksen #Pfizer ki se don Gouvènman Ameriken nan kad inisyativ COVAX la.

Nan yon nòt pou laprès, Ministè a fè konnen vaksen #Pfizer se yon vaksen tout moun bezwen pran 2 dòz pou jwenn bon jan pwoteksyon kont maladi Covid-19 la.

Yon lòt kote, otorite sanitè yo endike gouvènman ayisyen an a travè MSPP ansanm ak sipò kominote entènasyonal la ak tout lòt patnè yo ap kontinye goumen pou rann vaksen yo disponib sou tout tèritwa nasyonal la.