Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

La Polis arete yon prezime bandi ki te enplike nan atak ame Sodo a

Lapolis arete dat dimanch 5 novanm lan, nan vil Okap Saint-Victor Raimé. Endividi sa entèpele pou enplikasyon prezime li nan atak ame bandi te fè sou popilasyon Sodo a nan mwa septanm pase a.

Fòs lòd yo fè yon gwo kout filè nan Vil Okap jou ki te dimanch 5 novanm nan. Vrèman vre, yo arive arete yon endividi ki rele Saint-Victor Raimé pou prezime enplikasyon li nan atak ki te fèt mwa pase a nan vil Sodo, kote bandi ak gwo zam te anvayi vil sa ki twouvel nan depatman Sant peyi a pou mete latwoublay nan mitan popilasyon sivil la.

Daprè enfòmasyon lapolis fè konnen yo dispoze, se misye ki ta konplote avèk plizyè lòt manb gang ki sòti lòt kote pou te vin simayen latwoublay nan komin nan kote plizyè moun nan popilasyon sivil la te sòti viktim.

Nan sans sa a, lapolis nan depatman Sant deja mande otorite lapolis yo nan Nò pou transfere Saint-Victor Raimé nan lide pou vin reponn kestyon lajistis.

Annatandan, la polis sinyale y ap kontinye ap ankete epi chache tout endividi ki gen men yo tranpe nan zak vyolans ame ki fèt kont popilasyon sivil la epi mande kolaborasyon tout moun pou idantifye, arete epi trennen endividi sa yo devan lajistis.