Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Teritwa pèdi », yon ekspresyon ki pa egziste pou leta ak Edgard Leblanc Fils

Popilasyon an resevwa yon gwo mesaj ki soti nan diskou Prezidan Konsèy Tranzisyon an, nan okazyon fèt drapo a ak inivèsite a, samdi kite 18 me a. Mesaj la klè: zafè « tèritwa pèdi » nan peyi a se fini. Sa se pawòl, yon otorite, yon chèf kredib, ki pa nan tete lang ak pyès vakabon/bandi/kriminèl kap detui lavi ak byen moun, kraze peyi.

Se te yon gwo souflèt marasa pèp Ayisyen an te resevwa lè se yon minis Jistis peyi a ki te deklare piblikman Leta sede nan tèritwa a bay bandi. Pèp la te fache anpil lè l te tande koze kremòl sa. Li te swaf yon pawòl moun serye, moun ki gen sans responsablite pou dirije Leta. Pawòl Prezidan Edgard Leblanc an se tankou yon gras, sa vle di popilasyon an delivre anba dirijan konplis nan Leta ki pran plezi nan mennen bèl vi nan liks sou do li men ki pap defann anyen pou li. Pèp la dwe kale je l epi sipòte Prezidan Edgard Leblanc Fils nan dezisyon lap gen pou pran ak rès manm konsèy yo pou libere peyi a anba gang/bandi/teworis pou lavi ka retounen.

Moun ki dwe okipe pòs Minis Jistis ak Enteryè peyi a nan pwochen gouvènman an pa ta dwe soti nan mitan gwoup moun ki te dakò pou peyi a genyen teritwa pèdi. Lè nou fin genyen yon Prezidan tankou Edgard Leblanc ki fò nan karaktè li konsa, nou bezwen yon Minis Jistis ak yon Minis Enteryè ki gen karaktè tou. Se imaj peyi a kap vin trè bèl devan entènasyonal la, tout opòtinite ap posib pou Ayisyen.
Se se pawòl pèp la !

    Tags: