Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : lapolis anonse operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Vare

Lapolis Nasyonal kòmanse fasilite operasyon distribisyon gaz la nan nivo Tèminal Vare jodi madi 8 novanm nan. Gen plizyè tankè gaz ki rive sòti sou gwo eskòt polisyè pou ale ranpli ponp yo ki dwe demare distribisyon yo bay konsomatè yo nan jou kap vini yo.

Daprè PNH la rezilta sa se fwi anpil batay lapolis fè avèk gwoup ame ki panse yo te ka toujou kenbe zòn sa an otaj. Gras ak nouvo blennde Leta ayisyen te kòmande epi ki vin ranfòse kapasite operasyonèl inite espesyalize tankou SWAT, UTAG, UDMO, CIMO, BOID lapolis rive repran kontwòl espas sa.

Inite anjen lou nan PNH la te travay anpil pandan dènye jou sa yo pou bouche twou bandi yo te fwouye pou anpeche gaz la sòti. N ap raple lapolis te detwi konplètman traktè sa bandi yo te konn itilize pou sa epi operatè ki te konn kondwi l la mouri nan echanj kout zam pandan operasyon yo.

« Malgre nou gen blende ki tonbe anpàn nan operasyon yo ak tout kalte move rimè sa pap dekouraje Lapolis la kontinye konsolide prezans li nan perimèt Vare a pou anpeche bandi pran kontwòl espas estratejik sa », PNH la souliye nan yon nòt.

Yon lòt kote, PNH la fè konnen li pap bouke solisite sipò popilasyon an nan bay enfòmasyon ki kapab ede arete tout bandi ame ki pran plezi nan kidnape moun, fouye twou ak bloke wout pou anpeche lekòl ak biznis fonksyone kòm sa dwa pandan yo menm yap vòlè gaz la nan Tèminal la pou vann li tèt nèg sou mache enfòmèl la.