Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : lapolis anonse yo debloke Tèminal Vare aprè 2 jou operasyon

Lapolis mennen operasyon mèkredi 2 ak jedi 3 novanm 2022 an nan lide pou pèmèt aktivite reprann nan  » Terminal Varreux », ki se pi gwo espas estokaj gaz ki alimante peyi an nèg ak gwo zam te pran otaj. Pou kounye a, fòs lòd fè konnen ke yo gen kontwòl Tèminal la.

Daprè PNH la, nan kad operasyon sa yo, anpil inite espesyalize nan Polis lan ki deplwaye epi gen blennde ki antre Site Solèy, nan katye Belekou pou kwape bandi yo. Operatè anjen lou yo, ki se yon antite anndan lapolis la, kraze rapyetè yon traktè bandi yo te konn itilize pou fouye twou oubyen transpòte gwo kakask pou bloke aksè ak Tèminal la.

« Anpil katouch tire ant bandi ak polisye yo ki montre tout detèminasyon yo pou debloke Varreux paske pwoblèm gaz la ki lakoz plizyè milyon moun ap soufri nan peyi a kote anpil biznis oblije fèmen pòt yo ak lopital ki paka fonksyone », PNH la presize.

Malerezman otorite polisyè yo fè konnen nan kad operasyon sa yo lapolis mennen pou debloke Tèminal la, gen yon anplwaye enstitisyon an ki blese nan moman lapolis tap echanje kout zam avèk bandi yo.