Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

E si aktè politik, sosyal ak ekonomik ki renmen Ayiti yo ta deside 2022 a se dènye fèt drapo poun selebre nan kriz, ensekirite ak mizè?

 

Majorite moun telman soufri an Ayiti lè analiz ap fèt preske pa gen anyen ki soti kòm bon pou Ayiti. Sa ki rele kòripsyon, mechanste, krim, vol la, bagay sa yo fè telman fè dega, telman gen moun nan yo, etranje, menm Ayisyen ki nan dyaspora pa vle kwè gen bon moun, moun pozitif nan peyi sa. Eske se vre ? Mwen demanti bagay sa fòmèlman. Gen moun pozitif, pwogresist, onèt, serye, kredib nan peyi a. Brèf, gen Ayisyen ki renmen Ayiti, gen Ayisyen ki ka byen dirije Ayiti, gen Ayisyen ki ka kondui Ayiti nan chanjman ak pwogrè. Tout moun pa koupab. An Ayiti gen bouwo, gen viktim. Ayisyen pozitif yo nan domèn politik, yo nan domèn ekonomik, yo nan domèn sosyal. Eske yo pi plis pase moun ki negatif yo, moun kap travay pou detui peyi a ? M pa kwè. Sanble kantite moun de byen yo pi piti. Men yo la. Yo dwe jis mache kontre youn lòt pou konstui yon mas kritik, yon fòs ki ka pran kontwòl sitiyasyon an poun pran bon direksyon ak peyi a.

Konpatriyòt ki pwogresist ak pozitif yo pa bezwen plis pase kriminel, kòwonpi, bandi legal yo, pou mete yo an echèk. Se nan kache, nan manti Ayisyen negatif yo opere. Yo se vòlè, se kriminèl, se kòwonpi, men yo toujou vle prezante yo kòm moun de byen. Yo pa alèz pou di sa yo. Se konsa mafya fonksyone. Sof parenn, ki di li se vòlè. E la ankò, lè l te fin di sa, bagay sa telman chofel, misye te oblije kouri al ekri, soti yon nòt poul di se jwe li tap jwe. Ayisyen pozitif yo poko rive pran kontwòl sitiyasyon paske yo poko pran konsyans de sa yo ka fè, yo poko rasanble pou yo konstui yon gwo fòs. Lè w pa bandi, ou pa vòlè, ou pa nan kòripsyon, ou gen lalwa ki pwoteje w, ou gen repitasyon w ki pwoteje w, ou ka pale san risk pou moun demanti w. Si gen moun ki ta vle fè w pase pou sa w pa ye, se li kap avili pita paske twou manti pa janm fon.

Jodi a plis ke tout lòt tan, se yon nesesite pou tout Ayisyen pote kole nan demach pou rezoud pwoblèm peyi a, depi w pa nan kategori negatif kap detui peyi a. Nou bezwen gen yon peyi ki gen aktivite, kote tout sistèm yo ap mache : sistèm politik, sistèm ekonomik, sistèm sosyal, sistèm sante, sistèm sekirite, sistèm jistis. Fòk nou ensiste sou sistèm sosyal la. Genyen sistèm sosyal lè gen anpil moun kap travay, gen asirans, gen retrèt, gen òganizasyon sektoryèl. Lè gen vi mezanmi! Se nan kondisyon fonksyonnman nòmal yon sosyete fete fèt nasyonal tankou fèt drapo. Tout moun kontan, genyen fyète, moun chante, yo danse, yo pale, yo fè diskou, yo kolòmante! A la bèl sa ta va bèl 18 me 2023 pou Ayiti ta fete drdpol ak kè kontan, san kidnapin, san gwo kòripsyon, san enjistis, san vwayou nan tèt Leta, san dezespwa!

Gen moun ki anvi mandem : e Ayisyen negatif yo sa nap fè ak yo ? Repons lan senp. Nan tout peyi kap mache yo se lalwa wi ki deside sou sò vòlè, kòwonpi, krinèl.

Mezanmi, bon konba pou yon lòt fèt drapo an 2023!

Danio SIRIACK
Tel; 509 3797 6766 siriackmedso@gmail.com