Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Egzamen 9e ane fondamantal pou elèv ki pat ka konpoze yo af fèt apati madi 28 jen nan lise Petyonvil 

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap fè tout moun konnen sitou paran elèv 9yèm ane fondamantal ki pat ka vini konpoze, l ap tann tout elèv ki konsenen yo apati madi 28 jen an nan lise Petyonvil pou yo ka reprann egzamen sa yo san yo pap peye yon goud pou sa.

Konsa, Direksyon depatmantal Edikasyon lwès ki anchaj operasyon sa a, mande tout paran pou pase bay enfòmasyon sou elèv ki konsennen yo ak fich kandida a nan Biwo distri eskolè a ki sou wout frè nan Petyonvil nan lekòl nayonal frè yo (wout frè 52 # 1), anfas « Club international », nan jounen vandredi 24 jen an ak lendi maten 27 jen 2022. Sa ap pèmèt MENFP idantifye tout timoun ki te gen pwoblèm yo e byen planifye repriz egzamen an pou yo apati madi 28 jen an.

Nan sans sa, Ministè a di li konte sou kolaborasyon tout paran ak direktè lekòl ki konsenen yo pou ede elèv yo pase egzamen yo te rate yo, epi vanse ak etid yo.