Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Etazini: On timoun 3 lane touye manman l pandan lap jwe ak on zam

On timoun 3 lane rive touye manman l pandan ke l t ap jwe ak yon zam papa l jou ki te samdi 12 Mas 2022 a, Chikago.

Krim yo pa sispann fèt nan mond sou plizyè fòm.
Samdi 12 Mas 2022 a nan lannuit, yon timoun 3 lane ki te nan machin ak manman l epi papal rive bay manman l yon bal dèyè kou pandan li t ap jwe ak yon zam pou papa l.

Daprè enfomasyon ke lapolis bay, aksyon sa a pase nan Pakin yon makèt ki Chikago.

Toujou daprè sa Lapolis fè konnen, timoun nan te chita dèyè nan machin nan e li jwenn zam nan epi nan jwe avèl, dwèt li tonbe sou gachèt la epi on bal pran manman an dèyè kou apresa Daejah Bennett ki gen 22 lane al mouri lopital.

Aprè krim sa a, papa timoun nan vin plase an detansyon pandan ke yap mennen ankèt pou konnen si zam nan te legal e si li pat gen alèt sou li.