Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Konpayi @Digicelht pwomèt gwo prim pou fèt manman an lè w voye tranzaksyon P2P ak MonCash

Konpayi telefòn « @Digicelht » fè konnen gen anpil prim ki disponib pou fèt manman an pou yon tan limite, lè yon kliyan fè yon tranzaksyon P2P ak sèvis MonCash.

« N ap edew w mete yon bèl souri sou figi manman w pou fèt manman an ! Pou yon tan limite, lè w voye tranzaksyon P2P ak MonCash »,  Digicel annonce nan yon kominike.

Antrepriz la presize pami prim yo, chak moun gen chans pou genyen lajan, plan 12Net oswa lòt gwo prim tankou frijidè, fou ak telefòn entèlijan Digicel.

Yon lòt kote, konpayi a envite kliyan an li yo jwe nan « SoukeLi » sou aplikasyon MyDigicel la pou yo ka gen chans genyen 200, 000 goud pou fèt manman an dimanch 30 me k ap vini la.

    Leave A Comment