Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Mouvman kont ensekirite ak kidnapin nan Pòtoprens

Sitwayen anba lavil (pòtoprens) òganize mouvman pou di non ak ensekirite epi kidnapin kap sakaje peyi a depi kèk mwa sitou parapò ak plizyè ka kidnapin ki anrejistre vandredi ki te 11 Mas 2022 a.

Se pa on sekrè pou okenn moun,depi plizyè mwa, sitiyasyon ensekirite a ap vin pi mal nan peyi a sitou nan kapital la.

Fas ak sitiyasyon sa a, jodi lendi 14 Mas 2022 a, plizyè sitwayen nan Pòtoprens sitou nan Ri Kapwa, Avni Kristòf ak lòt kote nan pòtoprens mete barikad pou pwoteste kont fenomèn sa a ki se ensekirite a kap sakaje popilasyon an anpil.

Daprè enfomasyon ke Ajans « Universel Magazine  » genyen, sitwayen yo pran lari pou mande leta mete sekirite nan peyi a e pou tout moun ke yo kidnape semèn pase a, libere paske pa gen moun ki gen lajan pou peye bandi.

« Nou pat menm deside kite lekol fonksyone, paske ensekirite a frape tout moun. Men, nou vin bay posiblite pou lekol fonksyone men nap bloke lari a jiskaske nèg a gwo babin tande kri nou. » se deklarasyon yon pwotestatè ki nan Ri Kapwa a te bay nan mikwo yon konfrè.

N ap raple nou ke gen pou piti 10 moun ke yo kidnape vandredi 11 Mas la nan Pòtoprens kote ke direktè lekòl Jak Woumen an te viktim ak madanm li e yo libere madanm nan aprè pou l kapab chèche kòb pou libere mari a.