Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Pati politik OPL angajel nan ranfòse relasyon ak lòt pati pwogresis nan zòn Amerik Latin ak Karayib la

OPL ap travay nan kad solidarite, koperasyon avèk lòt pati pwogresis nan rejyon Amerik Latin ak Karayib la

1. Pandan pouvwa defakto ki pa p regle anyen nan tèt peyi d Ayiti, ap bese tèt li chak jou pi ba pou pran dikte nan men swadizan peyi zanmi pou kontinye malgouvènans peyi a epi, konsa, kenbe l nan kriz ensekirite ak prekarite pi rèd, Òganizasyon Pèp K ap Lite ( OPL ), pran bon jan dispozisyon pou retabli epi ranfòse relasyon li ak lòt pati pwogresis nan zòn Amerik Latin ak Karayib la.
2. Nan finisman mwa avril ak kòmansman mwa me 2022 a, OPL patisipe nan Fowòm Sao Paulo ki te òganize nan peyi CUBA. Diskisyon nan reyinyon Fowòm nan te chita sou nesesite pou pati pwogresis nan rejyon an ranfòse solidarite ak koperasyon ant yomenm epi ant pèp
tout peyi yo. OPL te pwofite prezans li nan reyinyon Fowòm nan pou l te prezante sitiyasyon
sosyal ak politik peyi d Ayiti anba 3èm vèsyon rejim PHTK a kote otorite nan Leta a rale kò yo bay gang ame pran kontwòl prèske tout teritwa rejyon kapital, Pòtoprens, anba je konplis reprezantan peyi swadizan zanmi yo, Òganizasyon Entènasyonal tankou LONI ki tabli misyon
l pa bò isit depi digdantan San rezilta.
3. Sòti 1e pou rive 3 jen 2022, OPL patisipe nan 40èm reyinyon plenyè Konferans Pèmanan Pati Politik Amerik Latin ak Karayib la ( KOPPPAL ) ki te dewoule nan peyi Mexique. Nan reyinyon sa a, òganizasyon manm KOPPPAL yo (69 pati politik ki reprezante 30 peyi) konfimen epi valide desizyon ki te adopte nan 39èm reyinyon plenyè a ki te fèt nan peyi Nicaragua. Plizyè estrikti tankou: Jèn KOPPPAL ak Fanm KOPPPAL te reyini nan okazyon 40èm reyinyon plenyè a pou renouvle manda dirijan yo.
4. Se prezidan Pati Revolisyonè Enstitisyonèl nan peyi Mexique (PRI) Alejandro Moreno
Cardenas ki reyeli pou 4 lane nan tèt òganizasyon rejyonal la (KOPPPAL). OPL genyen responsablite prezide Komisyon Lyezon Caraïbe – CARICOM nan kad KOPPPAL la.
5. Malgre tout enpòtans li bay koperasyon ak solidarite entènasyonal, OPL kwè se responsablite noumenm kòm pèp dabò pou n rezoud pwoblèm peyi nou, chèche pou n jwenn pi bon silisyon ki adapte ak reyalite pa nou. Nan sans sa a, OPL ap pwofite eksprime pozisyon l yon lòt fwa ankò sou pwoblèm ensekirite k ap detwi peyi a. Se pa okenn fòs entènasyonal ki kab vin rezoud pwoblèm lan pou nou. Okontrè, lè n gade dèyè, se prezans fòs entènasyonal nan peyi a ak politisyen san konsyans-nasyonal mete ak boujwa malonèt ki konstwi baz ensekirite total n ap viv jounen jodi a.
6. Pou rezoud grav pwoblèm ensekirite jeneral la, otorite alatèt Leta a dwe touse ponyèt yo
pou :

1) bay Polis Nasyonal la mwayen ekipman ki nesesè
2) pran desizyon administratif ki garanti bon jan asirans pou polisye k ap pran gwo risk nan kad operasyon yap mennen, pou manm fanmi yo tou
3) kreye yon inite espesyalize ki genyen kapasite pou fè fas kare ak bandi e ki jwenn bakòp otorite politik ansanm ak otorite lajistis ak lapolis
4) bloke và n zam ak minisyon k ap rantre san kontwòl
5) mete sitwayen serye, konpetan, nan tèt enstitisyon Leta tankou Ministè Lajistis, Ministè Enteryè, Direksyon Ladwann, Direksyon DGI, Direksyon sèvis ransèyman ak envestigasyon nan kad manifestasyon yon volonte politik pou kwape bandi tout kalite, tout kalib
6) chèche kolaborasyon, koperasyon ak solidarite Leta lòt peyi nan rejyon an sitou sila yo ki konsènen nan pwoblèm nan
7) prepare repons Leta pou asire prezans li nan katye popilè yo, nan geto yo ak nan seksyon kominal yo.

Viv batay pèp la!!
Viv koperasyon ak solidarite entènasyonal!!
Viv Ayiti!!
Viv OPL!!

Demen se va yon lòt peyi!

Danio SIRIACK, kòdonatè kominikasyon