Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Yon jwè seleksyon nasyonal foutbòl Ayiti a trape maladi Kowonaviris

Jèn foutbolè ayisyen an Steeven Saba fè konnen li teste pozitif nan maladi kowonaviris. Men eta sante li stab.

Mitan teren seleksyon nasyonal foutbòl la anonse nouvèl la nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal « Twitter » jodi madi 25 me a. « M ap anonse tout moun ke mwen teste pozitif pou kovid-19. Mwen santi m byen e m ap kontinye swiv tretman doktè yo », Steeven Saba fè konnen.

Yon lòt kote, Grenyadye a ankouraje tout moun respekte konsiy otorite sanitè yo. An menm tan li konseye tout moun pwoteje tèt yo epi mete mask.

Plizyè pèsonalite piblik k ap viv nan peyi a gentan trape  maladi a. Pou evite l pwopaje plis, otorite yo anonse eta ijans sanitè pou 8 jou sou tout tèritwa nasyonal la. Yon lòt kote, yo konseye popilasyon an swiv prensip sanitè yo nan lide pou yo pa kontamine.

    Leave A Comment