Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : Yon chèf gang tonbe nan echanj kout zam avèk lapolis

“Sonel” ki se yon chèf gang ak tout bra dwat li, Vitelòm te fèk enstale pou dechèpiye moun ak biznis sou Wout Frè a tonbe nan echanj kout zam avèk lapolis.

Sa pase samdi 22 oktòb la apre 2 endividi sa yo tap pase remèt moun kap fè biznis nan zòn nan yon anvlòp ak yon grenn katouch ladann pou fè presyon sou yo, daprè sa otorite yo nan PNH la fè konnen.

2 endividi sa yo tal kwaze avèk 2 patrouy lapolis ki te resevwa alèt sou yo ki pat ezite tire pou tante chape pou’l yo. Malerezman yo touche mòtèlman nan echanj kout zam.

Yon lòt fwa, enstitisyon polisyè a souliye entèvansyon yo ap kontinye nan lide pou rive demantle tout rezo gang Vitelòm nan ki enplike nan asasinen moun, kidnapin, vòlè machin elatriye…