Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ensekirite, yon fenomèn ki pa sispann sakaje sosyete a

Ayiti, premye Repiblik nwa endepandan yo te bay ti non “achipèl antiy” yo vin plase pami peyi ki pi pòv nan mond lan ak zòn nan.
Yon peyi kote ensekirite a ap vale teren, bandi yo fè sa yo vle anba je otorite yo, yo touye, kidnape, menm moun ki pa kapab yo pa epanye.

Ensekirite a pran plizyè dimansyon depi plizyè tan nan sosyete ayisyèn nan, yon sitiyasyon ki afekte tout aktivite yo nan peyi a.

Yon fenomèn kap monte ak fòs anba je otorite yo ki pa montre okenn volonte pou pran mezi pou mete yon fren nan sitiyasyon sa a kap mete dlo nan je Fanmi ayisyen yo.

Bandi yo mache je kale anba bouch tout moun, yo menm rive atake Leta. Nou ka site Kòm egzanp, zak sasinay ki te fet sou ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren 5.

Pou plizyè moun, ensekirite peyi a ap konnen la depi kek tan an, se rezilta move gouvènans ak otorite yo mele ak yon pati nan sektè prive a ki nan tete lang ak bandi yo.
Anpil lot wè se yon mwayen anpil politisyen itilize pou yo kapab pran pouvwa a osnon konsève li.

Kelkeswa kote ensekirite a soti, se popilasyon an ki toujou viktim. Se poutèt sa, anpil moun fè konnen popilasyon an sipoze mobilize pou fòse otorite yo asime responsablite yo fas ak fenomèn sa a kap sakaje sosyete a.