Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Foutbòl : Atis Izolan remèt demisyon l kòm prezidan Ekip Foutbòl Klèb Akayè a

Jean Léonard Tout-puissant, anpil moun  konnen sou nom Izolan, pa prezidan Ekip foutbòl Akayè a ankò. Atis la remèt demisyon l mèkredi 19 me a, aprè li fin konstate anpil nèg ak zam te pase an aksyon nan yon festival  kite òganize jounen 18 me a nan komin nan.

« Mwen Izolan(Jean Leonard Tout Puissant…) mwen pran desizyon poum pa patisipe ni pran ankenn inisyativ nan koze sosyal, kiltirelmak espòtif nan komin Akayè », Izolan ekri nan yon kominike ki parèt mèkredi 19 me a.

Daprè atis la, desizyon sa vini aprè li fin konstate yon gwoup nèg san fwa ni lwa ki kanpe anfas li te pase an aksyon jounen kite 18 me a kote te gen yon festival. Inisyativ sa fèt nan objektif pou jwenn lajan pou peye dèt ekip Akayè a te kontrakte nan kad  » Ligue des Champions de la CONCACAF » ak prim match jwè yo.

« Jounen jodia ankò nou wè ke fòs fè nwa yo ap travay pou detwi imaj Akayè yon kote kem bay tout sa m genyen kòm moun epi kòm atis », atis la deplore. Li pwofite di mèsi ak tout moun kite kenbe men avèl, espesyalman dirijan ak staf klèb la.

N ap raple ke chantè a te akonpanye klèb la mwa dènye a nan peyi Meksik nan kad « Ligue des Champions de la CONCACAF ». Gen plizyè jwè Akayè ki te deside sove al jwenn fanmiy yo.

    Leave A Comment