Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Sekirite : Lapolis arete 7 endividi ki enplike nan lanmò chèf sekirite Minis kominikasyon ak kilti an

7 endividi ki enplike nan lanmò chèf sekirite minis kilti ak kominikasyon an, jwenn arestasyon yo jedi 20 me a. Moun sa yo arete nan kad yon operasyon DCPJ mennen nan zòn Pènye 50.

Nan operasyon sa, lapolis fè konnen yo sezi 4 zam. Ladan yo genyen 2 fizi otomatik (Galil), 2 revolvè, twa machin ak yon kantite katouch. Men lapolis  kontinye ap chèche youn nan prensipal otè krim nan ki rele Pierre Émile Fouchard alyas Blanchard.

Jude Maurice, se nom ajan sekirite Minis Pradel Henriquez ki mouri ak bal samedi 15 pou louvri dimanch 16 me pase a anndan yon restoran nan Dèlma 75.

    Leave A Comment